Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 16

Pwovèb 16:8-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
8Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
9Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.
10Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.
11Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
12Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
13Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
14Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.

Read Pwovèb 16Pwovèb 16
Compare Pwovèb 16:8-14Pwovèb 16:8-14