Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 16

Pwovèb 16:12-29

Help us?
Click on verse(s) to share them!
12Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
13Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
14Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.
15Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.
16Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
17Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.
18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
19Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
20Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!
21Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.
22Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
23Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
24Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
25Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
26Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
28Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.

Read Pwovèb 16Pwovèb 16
Compare Pwovèb 16:12-29Pwovèb 16:12-29