Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 14

Pwovèb 14:26-35

Help us?
Click on verse(s) to share them!
26Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.
27Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.
28Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.
29Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
30Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
31Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
32Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.
33Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.
34Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.
35Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.

Read Pwovèb 14Pwovèb 14
Compare Pwovèb 14:26-35Pwovèb 14:26-35