Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 14

Pwovèb 14:2-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.
3Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.
4Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt.
5Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite.
6Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.
7Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.
8Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.
9Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.
10Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou.
11Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope.
12Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.
13Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere.
14Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.
15Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'.
16Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.
17Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz.
18Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.
19Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo.
20Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
21Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!

Read Pwovèb 14Pwovèb 14
Compare Pwovèb 14:2-21Pwovèb 14:2-21