Text copied!
CopyCompare
Bib La - Pwovèb - Pwovèb 12

Pwovèb 12:13-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
13Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa.
14Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
15Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
16Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann.
17Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.
18Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.
19Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
20Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.
21Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.

Read Pwovèb 12Pwovèb 12
Compare Pwovèb 12:13-21Pwovèb 12:13-21