Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 2

Lik 2:47-51

Help us?
Click on verse(s) to share them!
47Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo.
48Lè papa l' ak manman l' wè l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m' nou pa chache ou. Ou fè kè n' kase.
49Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen?
50Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo.
51Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.

Read Lik 2Lik 2
Compare Lik 2:47-51Lik 2:47-51