Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 18

Lik 18:20-43

Help us?
Click on verse(s) to share them!
20Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.
21Nonm lan reponn: Mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te tikatkat.
22Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
23Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen.
24Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
25L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
26Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
27Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
28Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou.
29Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a,
30moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
31Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.
32Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.
33Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
34Men, disip yo pa t' konprann anyen nan sa; sans pawòl la te kache pou yo, yo pa t' kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.
35Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite.
36Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen.
37Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase.
38Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen.
39Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen.
40Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li:
41Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò.
42Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
43Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

Read Lik 18Lik 18
Compare Lik 18:20-43Lik 18:20-43