Text copied!
CopyCompare
Bib La - Lik - Lik 13

Lik 13:9-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Konsa, li ka donnen. Si l' pa donnen, wa fè koupe l' lòt lanne.
10Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg.
11Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm.
12Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande.
13Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye.
14Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.
15Jezi reponn li: Ala ou ipokrit! Jou repo a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou nan kay kote nou gade yo a, nou mennen yo al bwè dlo, pa vre?
16Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l' anba yon maladi, mwen pa t' dwe delivre l' yon jou repo?
17Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pa t' vle wè l' yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo.
18Jezi di yo: Ak ki bagay peyi kote Bondye Wa a sanble? Kisa m' ta di l' sanble ankò?
19Li tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li. Li pouse, li vin yon pyebwa. Se konsa zwezo nan syèl la fè nich nan branch li yo.
20Jezi di yo ankò: Ak kisa pou m' konpare peyi kote Bondye Wa a?
21Li tankou ledven yon fanm pran li mete nan twa mezi farin pou fè tout pa t' la leve.
22Jezi t'ap moute lavil Jerizalèm, li t'ap pase nan anpil lavil ak anpil bouk. Sou tout wout la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
23Yon moun mande li: Mèt, èske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo:
24Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab.
25Mèt kay la gen pou l' leve fèmen pòt la; lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a kòmanse frape nan pòt la; n'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! La reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou soti.
26Lè sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou.
27Men, la reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou soti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal.
28Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.

Read Lik 13Lik 13
Compare Lik 13:9-28Lik 13:9-28