Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 7

Levitik 7:3-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Y'a wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo,
4de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lotèl la pou Seyè a.
5Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la, tankou ofrann yo boule pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou repare sa yo te fè ki mal.
6Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.
7Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
8Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
9Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.
10Men, lè se yon ofrann grenn ki soti nan jaden ki fèt tou kri, kit li melanje avèk lwil, kit li chèch, se pou tout pitit Arawon yo li ye, se pou yo separe l' bay yo tout.
11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
12Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l'a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l' l'a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv.

Read Levitik 7Levitik 7
Compare Levitik 7:3-12Levitik 7:3-12