Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 5

Levitik 5:5-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.
6Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.
7Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.
8L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.
9L'a voye ti gout nan san an bò lotèl la. Epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. Se va yon ofrann bèt yo touye pou wete peche a.
10Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.
11Si moun lan pa ka bay de toutrèl osinon de pijon pou peye pou peche li fè a, l'a pote de liv bon farin. Li p'ap bezwen mete ni lwil oliv ni lansan sou li, paske se yon ofrann pou wete peche l'ap fè.
12L'a pote l' bay prèt la, prèt la va pran yon ponyen nan farin lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan. L'a ofri l' bay Seyè a, l'a boule l' sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule bèt pou Seyè a. Se va yon ofrann yo fè pou wete peche a.
13Se konsa, prèt la va fè ofrann pou wete peche moun lan te fè a, Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. Rès farin lan va rete pou prèt la, tankou lè y'ap fè ofrann manje.
14Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
15-Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.

Read Levitik 5Levitik 5
Compare Levitik 5:5-15Levitik 5:5-15