Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 18

Levitik 18:9-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'.
10Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè.
11Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou.
12Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa,
13kit se bò manman.
14Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou.
15Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li.
16Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou.
17Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont!
18Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.

Read Levitik 18Levitik 18
Compare Levitik 18:9-18Levitik 18:9-18