Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 16

Levitik 16:11-21

Help us?
Click on verse(s) to share them!
11Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.
12Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a.
13Rive la, devan lotèl Seyè a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p'ap ka wè l', li p'ap mouri.
14L'a tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l'a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.
15Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.
16Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
17Depi Arawon antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou l' fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi l' ak pou tout moun pèp Izrayèl yo.
18Lèfini, l'a soti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.
19Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.
20Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Seyè a.
21L'a mete tou de men l' yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l' nan dezè a.

Read Levitik 16Levitik 16
Compare Levitik 16:11-21Levitik 16:11-21