Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 14

Levitik 14:32-48

Help us?
Click on verse(s) to share them!
32Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
33Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
34-Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.
35Mèt kay la va al jwenn prèt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an.
36Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.
37L'a egzaminen tout miray yo. Si li wè gen kèk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulè vèt osinon wouj,
38prèt la va soti nan kay la, l'a fèmen l' akle pou sèt jou.
39Sou setyèm jou a, prèt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankò. Si li wè tach la gaye sou miray kay la,
40prèt la va bay lòd pou yo wete wòch kote yo te jwenn salpèt la, y'a voye wòch yo jete yon kote andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
41Apre sa, l'a fè yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mòtye yo te grate a andeyò lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sèvi nan sèvis Bondye.
42Y'a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.
43Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',
44prèt la va tounen vin gade. Si li wè salpèt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka rete ladan l'.
45Lè sa a, y'a demoli kay la nèt epi y'a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
46Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.
47Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.
48Lè prèt la vin gade a, si li te jwenn salpèt la disparèt nèt apre yo te fin rekrepi kay la, prèt la va fè konnen kay la nan bon kondisyon ankò pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l', paske salpèt la disparèt nèt.

Read Levitik 14Levitik 14
Compare Levitik 14:32-48Levitik 14:32-48