Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 14

Levitik 14:12-36

Help us?
Click on verse(s) to share them!
12Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.
13L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.
14Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
15Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l'a vide l' nan pla men gòch li.
16L'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a.
17L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
18Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
19Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la.
20L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
21Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.
22L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.
23Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.
24Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.
25Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
26Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,
27l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.
28Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.
29Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
30Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,
31yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan.
32Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
33Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
34-Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.
35Mèt kay la va al jwenn prèt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an.
36Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.

Read Levitik 14Levitik 14
Compare Levitik 14:12-36Levitik 14:12-36