Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 13

Levitik 13:27-45

Help us?
Click on verse(s) to share them!
27Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
28Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k'ap geri.
29Lè yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki fè yon plak,
30prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
31Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
32Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen malenng lan ankò. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin jòn, si li gen lè pa pi fon pase rès po a,
33moun lan va koupe tout cheve nan tèt li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou ankò.
34Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
35Men, si apre prèt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,
36prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
37Men si li wè pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
38Lè yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parèt sou po l',
39prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
40Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
41Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
42Men, si kote l' chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kò l'.
43Lè sa a, prèt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo,
44l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.
45Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!

Read Levitik 13Levitik 13
Compare Levitik 13:27-45Levitik 13:27-45