Text copied!
CopyCompare
Bib La - Levitik - Levitik 11

Levitik 11:5-27

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann.
6Nou gen ankò lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje.
7Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.
8Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
9Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo.
10Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo.
11Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.
12Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo.
13Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
14Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,
15tout kalite kònèy,
16otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
17koukou, plonjon, frize,
18gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt,
19sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye.
20Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.
21Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote,
22tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt.
23Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.
24Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
25Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
26Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
27Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.

Read Levitik 11Levitik 11
Compare Levitik 11:5-27Levitik 11:5-27