Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 6

Jozye 6:19-25

Help us?
Click on verse(s) to share them!
19Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a.
20Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.
21Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.
22Jozye rele de mesye li te voye an kachèt al vizite lavil Jeriko a, li di yo: -Ale lakay jennès la. Fè l' soti ak tout fanmi li, jan nou te pwomèt li a.
23Se konsa y' ale, yo fè Rarab soti ansanm ak papa l', manman l', frè l' yo, tout rès fanmi l' yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo.
24Yo mete dife nan lavil la, yo boule l' nèt ak tou sa ki ladan l', an wetan bagay ki te fèt an lò, an ajan, an fè ak an kwiv yo. Yo pran yo, yo pote yo nan depo richès Seyè a.
25Men, Jozye te sove Rarab, jennès la, ak tout fanmi l' yo ansanm ak tou sa ki pou yo, paske Rarab te kache mesye Jozye te voye espyonnen lavil Jeriko a. Moun fanmi Rarab yo ap viv jouk koulye a nan mitan pèp Izrayèl la.

Read Jozye 6Jozye 6
Compare Jozye 6:19-25Jozye 6:19-25