Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 19

Jozye 19:5-28

Help us?
Click on verse(s) to share them!
5Ziklag, Bèt Makabòt Asa-Sousa,
6Bèt Lebayòt ak Chawouyèm. Sa te fè antou trèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
7Yo te ba yo ankò Ayin, Rimon, Etè ak Achan, kat lòt lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
8Fòk nou konte tou tout ti bouk nan vwazinaj lavil sa yo rive jouk Baalat-Beyè ak Rama nan dezè a. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Simeyon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
9Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo.
10Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid.
11Limit la moute bò lwès, li rive Mareala, li pase Dabechèt. Apre sa, li rive nan ravin ki pase anfas Jokneyam,
12lòt bò lavil Sarid, nan direksyon solèy leve, jouk yo rive sou limit Kislòt-Tabò. Apre sa, li pran chemen Daberat, li moute Jafya.
13Li soti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Itakasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea.
14Sou bò nò, limit la vire sou Anaton, l' al bout nan fon Jiftayèl.
15Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
16Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Zabilon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
17Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
18Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l': Kesoulòt, Choumèm,
19Afarayim, Chiyon, Anakarat,
20Rabit, Kichyon, Abèz,
21Remèt ak An-Gannim, An ada ak Bèt-Pasèz.
22Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
23Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
24Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
25Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf,
26Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat.
27Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt.
28Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.

Read Jozye 19Jozye 19
Compare Jozye 19:5-28Jozye 19:5-28