Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jozye - Jozye 15

Jozye 15:29-62

Help us?
Click on verse(s) to share them!
29Bala, Iyim, Azèm,
30Eltola, Kesil, Oma,
31Ziklag, Madmana, Sansana,
32Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
33Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,
34Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan,
35Jamout, Adoulam, Soko, Azeka,
36Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
37Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad,
38Dilean, Am Mizpe, Jokteyèl,
39Lakis, Boska, Eglon,
40Kabon, Lamas, Kitlis,
41Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
42Te gen tou Libna, Etè, Akan,
43Jifta, Akna, Nezib,
44Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo
45Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.
46Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,
47Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.
48Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko,
49Dana, Kiriyat-Sefè (Koulye a li rele Debi),
50Anad, Estemoa, Anim,
51Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
52Te gen tou Arab, Douma, Echean,
53Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka,
54Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
55Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta,
56Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,
57Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
58Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò,
59Maarat, Bèt anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
60Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
61Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt araba, Miden, Sekaka,
62Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.

Read Jozye 15Jozye 15
Compare Jozye 15:29-62Jozye 15:29-62