Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jij - Jij 20

Jij 20:15-40

Help us?
Click on verse(s) to share them!
15Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (026.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (0700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.
16Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (0700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa.
17Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (0400.000) gason ki te konn goumen.
18Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a.
19Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya.
20Lèfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya.
21Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.
22Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen.
23Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.
24Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa.
25Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (018.000) solda nan lame pèp Izrayèl la.
26Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.
27Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.
28Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.
29Moun Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a.
30Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l' anvan an.
31Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn.
32Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo.
33Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a.
34Dimil (010.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo.
35Seyè a fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (025.100) sòlda nan moun Benjamen yo.
36Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a.
37Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l'.
38Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la,
39moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.
40Lamenm siyal la parèt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la.

Read Jij 20Jij 20
Compare Jij 20:15-40Jij 20:15-40