2Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.
3Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè.
4Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou.
5(Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.)
6Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon.
7Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.