Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 5

Jan 5:4-22

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.
5Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan.
6Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri?
7Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.
8Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.
9Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.
10Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.
11Li reponn yo: Se moun ki geri m' lan wi ki di m' ranmase nat mwen, mache m' ale.
12Lè sa a, yo mande li: Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a?
13Men, nonm ki te geri a pa t' konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gen tan pati al fè wout li.
14Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.
15Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.
16Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.
17Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
18Poutèt pawòl sa a, jwif yo t'ap chache pi rèd atò pou yo te touye l'. Li pa t' sèlman fè bagay ki kont lalwa repo a, men li te di yo Bondye se papa li. Lè l' di sa, li te fè tèt li pase pou menm moun ak Bondye.
19Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.
20Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi.
21Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.
22Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije.

Read Jan 5Jan 5
Compare Jan 5:4-22Jan 5:4-22