Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 4

Jan 4:12-29

Help us?
Click on verse(s) to share them!
12Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb?
13Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò.
14Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
15Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.
16Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.
17Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari.
18Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti.
19Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye?
20Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.
21Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a.
22Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.
23Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.
24Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
25Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo.
26Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.
27Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li?
28Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo:
29Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la?

Read Jan 4Jan 4
Compare Jan 4:12-29Jan 4:12-29