Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 21

Jan 21:9-14

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou.
10Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo.
11Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.
12Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a.
13Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou.
14Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò.

Read Jan 21Jan 21
Compare Jan 21:9-14Jan 21:9-14