Text copied!
CopyCompare
Bib La - Jan - Jan 19

Jan 19:3-10

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
4Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
5Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!
6Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.
7Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
8Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.
9Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.
10Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?

Read Jan 19Jan 19
Compare Jan 19:3-10Jan 19:3-10