Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 7

Eklezyas 7:2-18

Help us?
Click on verse(s) to share them!
2Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.
3Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.
4Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.
5Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou.
6Lè moun sòt ap ri, se tankou move chabon k'ap pete nan dife. Sa pa vo anyen.
7Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'.
8Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.
9Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
10Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.
11Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.
12Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv.
13Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
14Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.
15Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.
16Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?
17Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?
18Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.

Read Eklezyas 7Eklezyas 7
Compare Eklezyas 7:2-18Eklezyas 7:2-18