Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 6

Eklezyas 6:4-9

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen.
5Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a
6ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a.
7Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou.
8Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a?
9Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.

Read Eklezyas 6Eklezyas 6
Compare Eklezyas 6:4-9Eklezyas 6:4-9