Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 6

Eklezyas 6:1-6

Help us?
Click on verse(s) to share them!
1Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil.
2Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.
3Yon nonm te mèt gen san (0100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.
4Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen.
5Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a
6ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a.

Read Eklezyas 6Eklezyas 6
Compare Eklezyas 6:1-6Eklezyas 6:1-6