Text copied!
CopyCompare
Bib La - Eklezyas - Eklezyas 3

Eklezyas 3:3-11

Help us?
Click on verse(s) to share them!
3lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati.
4Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt,
5lè pou ou kouche ak madanm ou, lè pou ou pa kouche ak li, lè pou nou fè karès, lè pou nou pa fè karès.
6Li fikse lè pou ou chache, lè pou ou pèdi, lè pou ou fè ekonomi, lè pou ou gaspiye lajan,
7lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.
8Li fikse lè pou ou renmen, lè pou ou rayi, lè pou nou fè lagè, lè pou nou fè lapè.
9Kisa yon nonm jwenn nan travay li?
10Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè.
11Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.

Read Eklezyas 3Eklezyas 3
Compare Eklezyas 3:3-11Eklezyas 3:3-11