Text copied!
CopyCompare
Bib La - Chante Salomon - Chante Salomon 6

Chante Salomon 6:4-12

Help us?
Click on verse(s) to share them!
4Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
5Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.
6Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.
7De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.
8Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.
9Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.
10Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
11Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.
12Apre sa, m' pa konn sa ki pase m'. M' santi m' tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.

Read Chante Salomon 6Chante Salomon 6
Compare Chante Salomon 6:4-12Chante Salomon 6:4-12