Text copied!
CopyCompare
Bib La - Chante Salomon - Chante Salomon 1

Chante Salomon 1:6-17

Help us?
Click on verse(s) to share them!
6Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.
7Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
8Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.
9Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
10Ala bèl figi ou bèl nan mitan très cheve ou yo! Ala bèl kou ou bèl ak kolye ou yo!
11Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l'.
12Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.
13Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m'.
14Mennaj mwen tankou yon bouke flè k'ap fleri nan jaden rezen Angedi.
15Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl! Je ou yo ou ta di de ti pijon.
16Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m' kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!
17Branch bwa sèd yo sèvi nou travès kay, branch pye chenn yo sèvi nou twati.

Read Chante Salomon 1Chante Salomon 1
Compare Chante Salomon 1:6-17Chante Salomon 1:6-17