Text copied!
CopyCompare
Bib La - 1 Wa - 1 Wa 2

1 Wa 2:9-15

Help us?
Click on verse(s) to share them!
9Men ou menm, pa padonnen l' sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fè avè l'. Jwenn yon jan pou fè yo touye l' atout li fin vye granmoun lan.
10Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.
11Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la: Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm.
12Salomon, pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvènman li te byen chita.
13Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wè Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l': -Se yon vizit zanmi ou vin fè m' la a? Adonija reponn: -Se sa menm!
14Apre sa, li di l': -Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou! Batcheba di l': -Kisa l' ye?
15Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.

Read 1 Wa 21 Wa 2
Compare 1 Wa 2:9-151 Wa 2:9-15